Kijan mwen kapab kalkile obligasyon finansye pa mwen si yo adopte prè sa a?

Vizite GO Bond Calculator kote w ap kapab fè kalkil la, gras a yon zouti ki rele “GO Bond Debt Service Millage Calculation” nan seksyon “Dokiman Finansye” an ("Financial Documents”). Opsyon sa a pèmèt ou wè epi kalkile ki valè yon pwopriyete genyen daprè evalyasyon yo te fè, ak kantite lajan enpo pou yo peye sou pwopriyete sa a chak ane. Sit entènèt lan ofri de kalite kalkilatris pou obligasyon an. Premye kalkilatris la jwenn konbyen li koute an mwayèn pa ane, baze sou valè kay la ak kantite enpo yo peye sou kay la. Apre ke pwojè a fini SoLe Mia, nou atann aske montan an vin desann pou chak kay. Dezyèm kalkilatris la montre kantite lajan yo panse moun pral ekonomize gras a kantite lajan pwojè Sole Mia pral pèmèt yo ekonomize. Enfòmasyon finansye yo afiche sou sit entènèt la baze sou estimasyon ak sipozisyon. Kou reyèl yo, kalkil enterè ak evalyasyon konsomasyon yo pap final toutotan yo poko evalye ofisyèlman pasaj dèt la ak montan enpo yo lan.

Show All Answers

1. Ki sa yo rele yon Prè Obligatwa Jeneral (GO)?
2. Kijan mwen kapab kalkile obligasyon finansye pa mwen si yo adopte prè sa a?
3. Ki objektif Prè Obligatwa Jeneral Vil North Miami pwopoze an?
4. Konbyen kòb ke moun ki ap peye enpo nan vil la ap genyen pou kontribye nan NoMi GO Bon nan?
5. Si prè obligatwa a pase, ki aksyon ki nesesè anvan yo ka aplike Prè Obligatwa Jeneral an?
6. Kisa pwojè yo ye e kisa bidjè an ye pou chak pwojè?
7. Kijan yo te chwazi pwojè ki gen rapò avèk obligasyon?
8. Èske yo ka depanse lajan obligasyon an pou peye salè anplwaye ak otorite eli yo, oswa pou operasyon komèsyal detoulèjou, pou fè fèt oswa òganize evènman? Kijan yo pèmèt sèvi ak lajan obligasyon an?
9. Pandan konbyen ane kontribyab Miami yo dwe bay kontribisyon pou Prè Obligatwa Jeneral an?
10. Èske y’ap apwouve montan obligasyon yo pa vèsman oswa yon sèl kou?
11. Èske pral gen yon komite pou sipèvize obligasyon an? Si se sa, ki objektif li e kijan komite sa a pral kenbe transparans pandan tout pwosesis aplikasyon an?
12. Si rezidan North Miami yo vote pou yo adopte GO “Prè Obligatwa Jeneral” yo pwopoze an, kilè yo pral kòmanse pwojè an rapò ak obligasyon an?
13. Vil North Miami a gen pou resevwa plizyè milyon dola enpo “ad valorem” ki ap soti nan pwojè SoLe Mia. Poukisa nou pa sèvi ak fon sa yo pou prelve obligasyon an?
14. Mwen se yon mèt biznis nan North Miami. Mwen se yon mèt kay North Miami. Kòman obligasyon an pral afekte mwen?