|
City Clerk - An Kreyol
Byenvini nan biwo grefye vil North Miami a. Mèsi anpil pou tan ou pran pou vizite sit entènèt nou a. Vil North Miami fè eleksyon chak kat lane pou chwazi grefye li. Biwo grefye a se yon biwo sèvis piblik ki fè anpil travay diferan epi li la pou sèvi sitwayen yo. Fonksyon prensipal grefye a se pou li kenbe achiv ofisyèl vil la epi pou li asire ekzaktitid tout achiv ofisyèl ak tout lwa lavil la pase.An plis grefye a responsab pou li kenbe rapò sou tout sa ki di epi ki fèt nan reyinyon administrasyon kominal la ak lòt komite ak panèl yo.Grefye a fèt pou prezève kòd dekrè ki pase yo epi pou li sipèvize eleksyon.
Nou pran yon angajman solanèl pou nou bay sitwayen yo yon sèvis ki genyen tout efikasite ak tout transparans posib.Nou vle sèvi kòm ekzanp pi bon jan yon gouvènman ka mache.
Mwen swete sit entènet la te ede ou .Si toutfwa ou ta genyen sijesyon pou fè amelyotasyon, tanpri souple pran kontak avèk nou. Nap byen kontan tande ou .
Mèsi anpil
Top
|